Ale nan kontni an
Flanbo

🤝 Ajan Flanbo

Vann AI nan katye w — tankou w vann minit

Anpil moun pa gen kat bankè — men yo fè w konfyans. Ajan Flanbo achte kredi an gwo ak MonCash epi revann sèvis AI (script, imaj, videyo) moun pa moun.

1 · Achte an gwo

Ou achte yon rechaj Kredi (Kredi 55 oswa plis) ak MonCash oswa kat — montan an goud la parèt sou paj peman an.

2 · Revann an detay

Ou vann sèvis la moun pa moun: yon script pou yon machann, yon imaj pou yon boutik — kach oswa MonCash, jan w vle.

3 · Kenbe diferans lan

Diferans ant pri an gwo ak pri w vann lan se pa w. Livrezon kredi pou revandè yo poko disponib; pale ak nou avan w pran peman pou kredi.

Plas pilòt yo limite

N ap kòmanse ak yon ti gwoup ajan pou n bati sistèm nan ansanm. Ekri AJAN sou WhatsApp epi n ap pale.

Ekri AJAN sou WhatsApp

Revni w depann de travay ou — pèsonn pa ka garanti lajan.